05/07/2020
NAN SISTÈM JIRIDIK AYISYEN AN LAJ TIMOUN KA FÈ BAGAY , SA YO RELE LAJ MAJORITE SEKSYÈL LA TE TOUJOU 15 ZAN DEPI 1835 :
Anpil deba ap fèt nan radio ak sou tout rezo sosyon yo aprè prezidan Jovenel te pibliye nouvo kòd penal la pa dekrè a. Men gen anpil bagay ki merite eklèsi se pou sa nou menm nou pot refleksyon pa nou.j
Nan tout peyi dimond gen laj lalwa di pou Yon timoun fè bagay , nan langaj jiridik la yo pale de " MAJORITE SEXUELLE" . Entènasyonalman nosyon yo plis itilize se " AGE DE CONSENTEMENT".
Nan dwa gen bon jan diferans antr
sa yo rele majorite seksyèl , majorite sivil ou legal e majorite penal?
🛡 Laj Majorite legal
Nan dwa yo di swa majorite sivil, swa majorite legal oubyen majorite tou senpleman. Yo tout Se menm bagay la . Laj majorite legal la se laj kote Yon moun Jiridikman yo konsidere kòm Sivilman kapab e responsab. Se laj kote moun nan kapab siyen Kontra ou byen lòt ak jiridik si pa gen eksepsyon. Se Avan laj sa yo di moun nan minè. Laj sa se 18 lane se nan Atik 16.2 konstitisyon an ou jwenn sa e se de majorite sa konstitisyon an pale.
🛡 Laj penal( l âge de la majorité pénale)
Laj penal la li menm se laj kote yo konsidere moun nan ka responsab Zak Li penalman . Se laj kote minè a konsidere kom majè penalman, Li ka pran prizon. Selon lalwa 7 sektanm 1961 Yon timoun ki gen pi piti pase 13 lane menm lè li touye moun jij la pa ka kondane'l, se pwoteksyon , se assistans, siveyans ak edikasyon yo dwe ba li, jij la pa ka bay minè sa okenn pèn.
Men Yon minè ki genyen plis pase 13 lane rive jiska 16 lane ki komèt Yon enfraksyon penal ap pase devan tribinal pou timoun . Si se Yon moun timoun ki gen plis pase 13 lane sa touye li ta sipoze kondane pou tout lavi Li men lwa sektanm 1961 di se 8 lane timoun sa ap gen pou pase nan prizon timoun ke yo rele Sant dedikasyon korektiv de leta, sa vle di lap nan Sant sa jiska laj 21 lane . Si se Yon pèn travo fose a tan ou byen pèn reklizyon se 3 lane lap pase pou pi plis nan Sant Pwofesyonel espesyalize leta.
Lwa ak dekrè 1961 an fè silans sou ki jiridiksyon represiv ki pou jije Yon timoun ki gen plis pase 16 lane e pi piti pase 21 lane . E lèn byen analize nous wè Jan lwa a prezante genyen Yon majorite penal jidisyè 16 lane pou jijman e Yon lot majorite penal pou prizon ki se 21 lane.
🛡 Laj majorité seksyèl ( laj timoun ka fè bagay)
Nan dwa ayisyen tèm MAJORITE SEXUELLE la absan nan " corpus Juridique" men si nou ale nan Atik 279 kòd pénal ( dekrè 6 jiyè 2005) la ki konsakre sou enfraksyon ki gen pou wè ak agresyon seksyèl ki di si Yon Krim vyòl fèt sou yon ti moun ki gen pi piti pase 15 zan pèn nan pi gwo ke si vyòl la fèt sou Yon moun a pati de laj 15 zan. Atik sa nou kopyel sou Atik 332 kòd penal fransè 1810.Lafrans te vin modifye sa ak lwa 23 desanm 1980 e yo te toujou di si Yon vyòl ou agresyon fèt sou ti moun pi piti pase 15 zan pèn nan ap pi plis ke si li te fèt sou yon moun a pati laj 15 zan.
Legislatè fransè a pale de 15 zan nan lwa sa se paske laj majorité seksyèl la se 15 zan. Nan lane 1810 yo tèm MAJORITE SEXUELLE la pat nan corpus Juridique fransè a menm Jan avek nou nan peyi Dayiti , yo te konn konsidere laj Majorite seksyèl sa nan Atik 331 ak 332 ansyen kòd penal pa yo ki se kote nou kopye Atik 278 ak 279 kòd pénal pa nou. A pati de sa Nou ka di laj Majorite seksyèl Haïti se 15 zan tou . Yon moun ki fè bagay ak Yon timoun ( fi ou gason) a pati de 15 lane depi Li vle ou pa fè okenn enfraksyon.
Granmoun ki fè bagay ak yon ti moun ki gen pi piti pase 15 zan menm lè se li ki vle lajistis ap pousuiv li pou atent seksyèl. Menm lè moun nan gen laj majorite seksyèl depi ou fè bagay avel nan fòse se vyòl.
Fok nou pa konfonn laj 18 lane ki nan Atik 162-2 konstitisyon an ak laj Majorite seksyèl. Lè yo di aj majorite selman se laj Majorite sivil.
🌐Yon timoun majè sivilman ou legalman se a laj 18 lane
🌐Yon timoun majè penalman se a laj 16 lane ( men gen kek ti pwoblem nan sa)
🌐Yon ti moun majè seksyelman se a laj 15 lane malerezman
https://www.facebook.com/fleremelaw/
Anpil nan nou ap répète tout tan tou " DÉTOURNEMENT DE MINEUR" san nou pa byen konn sa Li ye. Jiridikman " détournement de mineur" ak Majorite/minorité sexuelle se 2 nosyon diferan.
Depi ou fè yon timoun kite Kay granmoun Li , ou pran tèt ti moun nan ou fè Li kite lekol e pran move chemen ou fe detounman minè. Pa oblije genyen fè bagay ak minè a pou gen enfraksyon. Nan dwa fransè gen 2 eleman nesesè pou kalifye Yon detounman minè. Premye à se eleman matériel , sa vle di yo dwe pwouve ke gen soustraksyon timoun nan nan men moun ki granmoun li, dezyèm eleman an se eleman moral sa vle di moun ki fè detounman an dwe te gen intansyon fè Zak la .Lèyo pale de detounman minè li plis gen rapò ak majorite sivil , non seksyèl.
Ann fon ti gade non mond lan ki laj yo otorize Yon granmoun ( a pati de 18 tan) ka fè bagay ak Yon timoun san pousuit jidisyè.
Beljik , kanada se 16 ane , Baamas se 16 an pou ti fi ak ti gason ka fè bagay men si se masisi ak madivin se 18 lane. Lafrans laj majorite seksyèl la se 15 lane .
Ayisyen ak ayisyèn kap viv etazini yo li bon pou nou konnen pou nou konnen ke chak eta gen pwop lwa pa yo , laj majorite seksyèl la varye antr 16 à 18 lane , si wap viv Massachusetts , Connecticut , Maryland laj konsantman an se 16 zan , si wap viv Louisiana, Missouri ,New York ak Texas laj konsantman an se 17 tan , si wap viv Florida, Californie, Delaware Virginie laj konsantman an se 18 tan.
Mesye Dam Chili yo Atik 362 ak 363 kòd penal Chilyen fikse laj majorité seksyèl la a 18 tan san restriksyon men timoun nan ka fè bagay a laj 14 zan ak kek limitasyon. Brésil tou se à pati de laj 14 zan timoun nan ka fè bagay ak Yon moun ki majè depil vle.
Nan peyi espay ak boukinafaso Yon ti moun 13 lane kapab fè bagay ak Yon majè san pwoblem depi Li vle. E nan peyi Arabi sawoudit Li entèdi legalman pou fè bagay anvan ou marye.
Nouvo kòd penal la vin mete kesyon 15 lane pou timoun fè bagay la pi klè men li te la deja . Pozisyon pam se pou gen bon jan deba sou kesyon sa pou nou konnen si nap metel menm jan ak laj majorite sivil la ki se 18 lane men li te la deja li te deja 15 zan malerezman anpil nan nou pat konnen.
Me Pelex Flereme ©©©
⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖
C'est le devoir de chaque homme de rendre au monde au moins autant qu'il en a reçu.
A. Einstein.
https://www.facebook.com/fleremelaw/
⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖
Ce texte n’est pas sécable. Si vous souhaitez le partager, il doit rester entier et n'oubliez pas de mentionner sa source
Tout Sa'w dwe konnen sou dwa Ayisyen nan lang kreyol .
cette page existe pour: Promouvoir le droit et la justice ; Conseiller pour gagner , Se défendre et réussir.