03/02/2025
Mwen espere nou anfòm.
Nan fòmasyon semèn sa a, nou pral pale de fòm Jiridik antrepriz yo nan Peyi Brezil.
Si w gen kesyon, poze l nan kòmantè a. E pa bliye pataje.
Sonje byen ke w ka suiv nou sou platfòm sa yo.
Sanon Belleus
Satyendra Multi Services. SMS
Sanon Belleus
Centre d'Harmonisation et de Culture Intérieure.
Ann kòmanse.
Nan Peyi Brezil, genyen pou pi piti 6 a 7 fòm jiridik antrepriz.
Genyen.
MEI = Micro empreendedor Individual.
EI = Empresa Individual
LTDA = Sociedade Limitada
SLU= Sociedade Limitada Unipessoal
SS= Sociedade Simples
SA = Sociedade Anônima E Cooperativa.
Antrepriz sa yo, yo divize an kat (4) tip nati diferan. (Tipos de natureza)
1- Antrepriz ki vann sèvis
2- Antrepriz kòmesyal
3- Antrepriz endistriyèl
4- antrpriz miks (mixte)
✅Yon MEI se yon antrepriz kote yon sèl moun se reprezantan li. Se li pi fò moun Brezil genyen. Paske MEI pa bezwen genyen yon espas fizik kote moun ap vin achte. Antrepriz sa yo plis itilize pou moun k ap vann sèvis. Tankou: yon bòs mason, yon bòs seramik, vitriye, moun k ap fè transfè, vann kat, taximan, chofè uber elatriye...
Leta rekonèt ou se MEI, se lè w kapab fè yon lajan ki pa depase 6750 reais pa mwa, ki pral konplete pou bay 81 000 reais pou yon lane.
Depi w kòmanse depase lajan sa a, ou dwe al chanje CNPJ ou ki se (Cadastro Nacional de Pessoa Jurídica) pou w transfòmel an EI.
✅ EI li menm tou, se yon antrepriz endividyèl, kote se yon sèl moun ki ladan l kòm responsab. Li pa ka gen lòt moun envesti ladan l tou kòm asosye. Men ou kapab fè jiska 4,8 milyon reais pou yon lane oubyen 360 000 reais pa mwa.
🛑🛑🛑🛑❌❌👈 Si w ap travay nan yon konpayi, ou kapab genyen 2 tip antrepriz sa yo ki devan an.
Men, w ap pèdi kèk benefis depi w ouvri yo. Tankou: Seguro desemprego, Salário maternidade, Auxílio doença, aposentado por invalidez.
✅ Si toutfwa, ou ta Renmen jwenn youn nan benefis sa yo, anvan w al ouvri yo, ou dwe dezaktive CNPJ ou a. Pa egzanp, si travay ou voye w ale epi ou pral resevwa seguro desemprego, anvan w ouvri seguro desemprego a, ou dwe mete CNPJ ou a sou poz pou 5 mwa.
❌❌❌❌ Ou pap kapab ouvri antrepriz sa yo si w se:
1- Asosye nan yon lòt antrepriz
2- si w deja nan pansyon
3- si w se yon fonksyonè piblik federal an aktivite.
4- si w se etranje ki gen yon viza oubyen yon rezidans tanporè ( rezidans 2 lane a)
Si w ouvri yon MEI, chak mwa, w ap gen pou w peye taks sa yo.
✅ 71,60 reais si se pou komès ak endistri.
✅75,60 reais si se sèvis w ap vann
✅76,60 si w ap vann sèvis pandan w ap fè komès tou.
Si toutfwa se MEI ou genyen, ou gen otorizasyon pou w anboche yon sèl moun pou travay ak ou.
Selon apresiyasyon nou pou fòmasyon sa a, m ap kontinye ak rès yo.
Si m wè sa pa fè n plezi, m ap kanpe.
M ap wè nou vle aprann se nan pataj, like ak kòmantè.