Yonn nan enjenyè ki te travay nan konstriksyon kanal irigasyon sou rivyè Masak la nan Wanament vin nan plèn Maribawo e tou pike diri 🌾 🌾 🌾. Enjenyè a di li pa selman konn konstriksyon, lap kore revolisyon agrikòl la sou tout fòm.
Yonn nan enjenyè ki te travay nan konstriksyon kanal irigasyon sou rivyè Masak la nan Wanament vin nan plèn Maribawo e tou pike diri 🌾 🌾 🌾. Enjenyè a di li pa selman konn konstriksyon, lap kore revolisyon agrikòl la sou tout fòm. Tout tè sa yo pat bay ranman paske pat gen dlo 💦, kounya bagay sa fini, jaden manch long li ye! 🫡
Yonn nan peyi ki gen pi bèl kouvèti vejetal nan mond la e yo enkòpore anpil bèl mega strikti nan kè vil yo, la se Panama City, Panama 🇵🇦. Nou bezwen bati kèk vil konsa an Ayiti e ogmante kouvèti vejetal la ki an deklen. Ayiti se yon bèl peyi ak yon popilasyon ospitalyè, pagen rezon valab pou n pa mete atant nesesè pou resevwa 1 milyon touris pa mwa. Sektè touris la dwe antre lajan pou PIB Ayiti tankou petwòl antre lajan pou United Arab Emirates 🇦🇪.
Ayewopò modèn yo pa selman sèvi kòm yon pot ki bay lemond aksè a yon peyi oubyen yon vi l, yo pa selman fasilite cargo, men yo se sant komèsyal osi ki plen store ak restaurant, ki kreye anpil anplwa, yon espas atreyan ki pa degoutan tankou jan sa te konn ye dan le pase. La se andedan yon airport nan yon peyi vwazen nou nan Kayayib la, Aeropuerto De Tocumen. Plis ou wè, plis wap konnen sa w merite. M vwayaje nan anpil lot gwo airport men sa ki kay vwazen nou yo pi enterese m paske nou dwe pran angajman fè peyi a tankou yap fè pou lakay yo malgre toujou gen kontrent gwo vèmin yo.
Pandan m chita nan Airport Tocumen, gade ki avyon ✈️ ki parèt. @Sunrise Airways ki soti Cap-Haitien. Malgre gen anpil bel e gwo avyon ✈️ ki rive, kareman m santi m kontan wè yo pull-up e non Okap afiche nan tablo a.
Pandan m chita nan Airport Tocumen, gade ki avyon ✈️ ki parèt. @Sunrise Airways ki soti Cap-Haitien. Malgre gen anpil bel e gwo avyon ✈️ ki rive, kareman m santi m kontan wè yo pull-up e non Okap afiche nan tablo a. Se yon bon altènativ pou Ayisyen ki nan Amerik latin yo ki vle vwayaje antre an Ayiti. Yo ka fè COPA oubyen Avianca, epi konekte Okap. Mwen espere leta Ayisyen louvri Airport yo nan tout peyi a, fè yo gen kapasite pou entènasyonal.
M fenk rankontre yon lòt malfetè Ewopeyen ki t ap fè koze nan kontinan Amerik la, èspesyalman nan lanmè Karayib la. Lè vòlè a mouri a 53 an, li te rich, li kite 3 gwo platasyon kann ak 130 esklav pou fiyèl li ak sè l paske l pat gen pitit. Malfètè Ewopeyen Sa yo pap janm padone Ayisyen.
"Ciudad de las Estrellas - City of Stars" Panama City, Panama 🇵🇦. Me konsa pou n dekore plas Fort Liberte a pou fen ane 2025 la. Moun Torbeck ak Jacmel, mesi pou challenge la, gen kek moun Fòlibète ki di yo pra l nan konpetisyon an.
Soup 🍜 Joumou
Happy Independence Day
Indépendance Haiti 🇭🇹
1er Janvier 1804
Yon lòt zòn nan awondisman Fòlibète a komanse ap refè diri ankò!
Yon lòt zòn nan awondisman Fòlibète a komanse ap refè diri ankò! Ponigo, yon ti zòn nan komin Ferrier te gen yon pati ki pat jwenn dlo pou fè diri pou yon bon bout tan selon sa yo rapòte nou, dlo a rive la, me diri gentan ap mi la Ba-Maribawo. Kore plantè nan plèn Maribwo!
Vin gade sa plantè nan Plèn Maribawo kontinye ap fè. La se yon lot espas yo te koupe yon diri 🌾🌾🌾 ki reboujonen e bay diri 🌾🌾🌾 ankò. Chak jou nap aprann 🤣, plis yo pale nou de yon lot konsèp anko ki rele “Ritonn”, ritonn nan bay diri aprè 2 mwa olye de 3 mwa 20 jou Premye plantasyon an. Lot semèn nou va montre w diri 🌾 nan zòn Latas, li bay plis diri 🌾 ke sal te konn fè akoz de dlo li jwenn an kantite. M komanse kontan la!!!
Yon kote ki pat pwodwi diri 🌾🌾🌾 pou plis ke 4 an akoz rate dlo 💦 tounen ap fè diri 🌾 anko gras a travay kanal sou rivyè masak la ak lot travay ki fèt nan plèn nan. Gen yon plantè ki di yo telman jwenn dlo kounya menm kek ti kanal adisyonèl yo bouche paske yo ase pou kilti a.
Zòn sa rele Bedou, yo zòn agrikòl nan Nòdès. Koze nou paka bay manje a se yon mit li ye, nou selman bezwen leta nou Serye sou agrikilti epi rezilta ap pi gwo ke sa.
Fò Dofen Fòlibète preparasyon selebreasyon 221èm anivèsè redaksyon Akt Endepans la ak premye pwoklamasyon endepandans zile a 29 Novanm 1803.
Fò Dofen Fòlibète preparasyon selebreasyon 221èm anivèsè redaksyon Akt Endepans la ak premye pwoklamasyon endepandans zile a 29 Novanm 1803.